mardi 13 août 2013

Rapò sou sitiyasyon dwòg an Ayiti 2012

Prezantasyon Responsab ak Asistan Responsab Obsèvatwa a le 20 Juin 2013


Depi apre reyinyon ki te fèt an Juin sou MEM (Mecanism Evaluatyon Miltilateral) ak SHID (Sistem Ayisyen sou Enfòmasyon sou Dwòg), CONALD, a pati de OHD (Obsèvatwa Ayisyen sou Dwòg) fèk soti dènyè rapò sou dwòg peyi a. Nou ka telechaje'l la. Men sa Rezime Egzekitif rapò a di:



"Sou inisyativ Obsevatwa Ayisyen Dwog komisyon Nasyonal Lit kont Dwog la (CONALD), yon dezyem semine-atelye SHID te organize nan dat 19 ak 20 janvye 2013. Rankont sa te fet nan bi pou pemet moun kap lite kont dwog yo, kel ten an rediksyon of la ak demand lan, pataje eksperyans yo epi mete soup ye lot refleksyon sou pwoblem dwog la nan peyi a. SHID la se yon chemen (rezo) ki reyini tout moun kap lite kont dwog nan rediksyon of la (trafik dwog, kontrebann..) ak demand (sansibilizasyon, tretman…)
Pale epi aji kont epidemi (kalamite) dwog la, se konnen sitiyasyon an nan tout grosèl, jan lap evolye, enpotans li. Eske yo fimen marijuana anpil Ayiti? Dog yo, sitou alkol, kokayin oubyen kanabis, eske yo wè yo  tankou danje nan popilasyon an?
Rezilta ankèt yo te fè nan lekol yo an 2009 te pèmèt nou pote anpil infomasyon epi konfime fenomen ki lakoz konsomasyon sa.
Dwog ki pa legal ke yo plis konsome Ayiti se marijuana ak kokayin. Se vre yo afime (sètifye) ke kokayin ak marijuana gen yon pousantaj patikilye 2.04 ak 2.01
28.9% elèv yo pran kalman san preskipsyon (lod) doktè pandan tout vi yo. 15% ladan yo pran (pandan 12 dènye mwa et 11% pandan 30 dènye jou yo. Evolisyon jan yap pran matyè (sibstans) say o pa (chanje anpil) two diferan 2005 kote asirans vi an te 29.79%. Yo to eleve konsa, nou jwenn li tou pou timoun kap pran stimilan (22.58%).
Gen kèk dwog ki legal ki vin plis ke 2005. Se ka alkol ak sigarèt ki gen yon prevalans 15% ak 59.55%. Alorske en 2005 yo te rive Selman 11.12 ak 53.64%.
Nan statistic jan yo pran alkol la, ou ka konstate ke 16.8% elèv yo bwè yon vè bwason ki gen alkol nan yon jounen pandan 30 dènye jou sa yo; 5.8% declare key o konsome ant 2 ak 3 vè alkol pa jou. Se yon sitiyasyon ki merite kontrole paske elèv yo riske victim de sa yo rele “Binge drinking”
Nan dwog illegal yo, yo jwenn 15.3% prevalans vi lakay gason yo, plis ke 3 gason sou 20 gentan pran dwog illegal pandan period vi yo. Lakay fiy yo.e lè Indicate a rive 16,7%. Laj yo komanse pran kèk dwog tankou marijuana se 13 zan, sa vle di ke jenny o gen yon konsomasyon avan lè.
Ankèt “ Bo kote jenny o ak granmoun yon an komin jacmel sou fason yow è dwog y oak pwoblem ki gen rapo ak lè yap pranl”ke APAAC te reyalize, bay rezilta sou say o konnen sou dwog
Pi fo moun kit e reponn yo pans eke gen gwo malè lè ou itilize trop kokayin ak krak (99.8%), marijuana (98.4%) oubyen anko sigarèt (96.3%). Li enpotan pou n soulinye vale moun ki pa konsidere lè yo pran dwog yo tankou yon danje, ki se 30.3%.
154 endivide, ki se 25.8% pans eke pran dwog gen rap oak rezilta feblès jan fanmi yo ye.
205 moun ki reponn yo,  ki se 34.3% admèt ke se povrete a ki fè sa.

238 moun ki reponn yo, ki sa 39.8% pans eke pwoblèm se peyi etranje yo.
Bo kote rediksyon of dwog sa vle di tout ki gen pou wè ak lit kont kontrebann, blanchiman lajan, ak lot menm krim, enstitisyon ki konsène yo te Mennen plizyè operasyon. Operasyon say o te fè yo mete men sou sibstans stipefyan, arestasyon prezime dilè, byen ( lajan, kay machin…) ak lot materiel (zam, bato…)
Nan ane 2012, yo te mete men sou 130 000 g marijuana ak 300 000 g kokayin.
Nan ane 2011, moun yo te kondane pou dil dwog yo te 31 antou, 29 gason ak 2 fanm. Yon lot bo detni yo te 110, 84 gason ak 26 fanm. Yon lot endikatè enpotan nan koze dwog se moun yo depote Ayiti yo, sitou pou koze trafik dwog.  Nonb depote yo plis ke double pou ane 2011 lan lè nap konpare aka ne 2009 la, ki yon kantite 391 kont 149 nan ane 2009 la.
Nan sa ki konsène rediksyon demand dwog, antou nomb payan key o entène Mars and Kline yo, nan lopital Beudet ak nan APAAC pou ane 2011 rive nan 75 moun.
Sibstans pasyan yo plis pran se marijuana, alkol, kokayin ak krak. Moun kap pran dwog yo itilize lot sibstans tankou (Jucy Lucy” ( yon melnj kanabis ak krak), lorazepan … Pi piti laj yo komanse  pran marijuana se 17 lane, alkol se 16 lane.
Daprè bon jan enfomasyon nou rive jwenn:
Datura key o konnen sou non “fèy kloch” ak ecstazi key o rele dwog kadejak itilize anpil kote yap fè fèt Ayiti.
Timoun nan lari yo konsome plis (*solvant), marijuana, krack ak kokayin
Fiy yo komanseap abitye pi plis ak alkol. Gen plis moun ki pran dwog aprè tranbleman de tè a.
Gen de lè yo pran sibstans ki se “Jucy Lucy” (jwen krak/kokayin/marijuana)
Na peyi a, yo pa neglije pran anfetamin.
Kilti ilisit marijuana pratike tou nan kèk rejyon lwen nan  peyi a
Daprè enfomasyon sa yo, Ayiti vin rekonèt se pa pou peyi kap fè dwog men tankou yon kote ke dilè dwog entèrese paske pa gen bon strikti ak kote li ye a. Pwoblèm dwog la egziste pou tout bon nan zon nan. Dwog la ki ap vin yon pi gwo menas de jou an jou nan mond lan, pi presi nan karayib la, fose gouvènman pi veyatif devan tout sa kap kreye nan zon nan pou yo ka pran mezi ki pi bon pou yo ka bare tout oganizasyon kriminel yo. Konsa daprè objektif ki defini nan strateji nasyonal konbit kont dwog, anpil aksyon ap mennen pou lite kont fleyo sa ki se dwog, konsa conald prevwa mete  aksyon prioritè sa yo :
Yon twazyèm ankèt skolè
Fè sit web conald la mache
Seminè sansibilizasyon, enfomasyon ak fomasyon pou lapolis ak lajistis
Elajisman conald ak lot enstitisyon kap lite yo nan lot rejyon nan  peyi a.
Konstriksyon sant pou retire dwog lan sou moun nan Tabarre
Projè alyans nan tet kole ak CADCA (community Anti Drug Coalition of America)

Trè prochènman rapò 2013 la ap soti

 
 

 

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire