jeudi 18 juillet 2013

Ateleye travay le 29 ak 30 me 2013, la Barbad, Bridgetown sou trètman moun k'ap pran dwòg

 29 ak 30 me 2013, te fèt la Barbad, nan Bridgetown, yon reyinyon avèk kèk peyi nan rejyon Karayib la sou rezilta yon projè pilot k'ap kolekte enfòmasyon nan sant ki bay tretman a moun ki pran dwòg, ki te fèt nan twa peyi karayib la, Jamayic, Trinidad ak Tobago, ak la Barbad. Reyinyon sa t'ap chache tou rann pi bon fonksyònman Rezo Enfòmasyon sou Dwòg (RED) nan Karayib la pa pataj experyans peyi ki te la yo. Sijè ki te pale nan rankont sa se projè kolèk done nan sant ki bay trètman, analiz k'ap konpare dwòg ak krim, dènye aktivite Rezo Enfòmasyon Dwòg yo e devlopman yon rezo rejyonal enfòmasyon sou dwòg.

Projè kolèk done nan sant trètman yo

CICAD, nan misyon pou'l ede peyi ki nan OEA yo devlope pratik pou kolekte done pou fè pwogram politik ki baze sou done reyalite a, te fe yon projè kolèk done nan sant trètman pou moun k'ap pran dwòg yo. Projè sa reponn a sitiyasyon mank enfòmasyon nan domèn moun ki adikte a alkol ou lòt dwòg ke yo obsève nan peyi Karayib yo. Nan jan sa, pou chanje sitiyasyon a, twa peyi te benefisye de yon projè pilot, nan sans pou ka realize projè sa nan tout lòt peyi Kariyib yo ki gen strikti k'ap bay lasyonyay a moun ki pran dwòg.
Metodoloji ki te itilize a te konsiste a resanse sant trètman peyi a, òganize seyans sansibilizasyon a sant sa yo e asire yon kolèk sistematik de pasyan yo, a pati de yon fòmilè admisyon ke CICAD te prepare.
Prensipal rezilta rechèch pilot sa montre ke sou 510 endividi ki nan sant trètman yo, 469 ladan yo se gason yo ye. Laj mwayen moun sa yo rive atenn 37.2 zan. Plis paske 60% pasyan sa yo ap viv pou kò yo. Anfen, prensipal sibstans pou ki pasyan yo vin chache trètman se nan lòd, marijuana, kokayin, ak alkòl.


Pou fini, enfòmasyon sa yo te pèmèt idantifye tip moun k'ap pran dwòg, estime endirèkteman pwoblèm moun k'ap pran dwòg anpil, e bay direksyon a pwogram politik piblik nan sa ki gen a wè ak trètman ak prevansyon, evalye sitiyasyon trètman an jeneral e etabli yon sistem siveyans.

Analiz k'ap konpare dwòg ak krim

Pandan atelye a,  yo te abòde yon lòt sijè  sou analiz k'ap konpare dwòg ak krim. Sou tèm sa, yo remake la Barbad, ke majorie moun ki nan sant trètman yo, te la sou zòd Lajistis. En plis, done yo montre ke 56.5% pasyan yo te arete yon fwa deja nan vi yo. Pami yo, 19.4% te arete lane dènyè. Rezilta sa montre kijan gen yon relasyon sere ant dwòg ak krim.

Dènye aktivite Rezo Enfòmasyon Dwòg yo

Pliziè peyi, ki se Ayiti, Sent Lusi, Jamayic, Grenad, La dominik, la Barbad, te pale sou dènyè aktivite rezo enfòmasyon dwòg yo.

devlopman yon rezo rejyonal enfòmasyon sou dwòg

Lè atelye a ta pwal fini, prezantasyon te pale sou kreyasyon ak fonksyònman yon rezo enfòmasyon sou dwòg, rejional, CARIDIN, ke yo te deja prevwa dezan de sa. An fèt, rezo sa pwal pèmèt diskete pwoblèm dwòg nan nivo rejional e fasilite aksyon kooperasyon rejional. Men, an plis de defi finansye, bezwen an fòmasyon nan kolèk , analiz ak trètman done nesesè.
 
 

Atelier de travail les 29 et 30 mai 2013, à la Barbade, Bridgetown, sur le traitement des toxicomanes

Les 29 et 30 mai 2013, s'est tenue à la Barbade, à Bridgetown, une réunion sous-régionale sur les résultats d'un projet pilote sur la collecte d'information au niveau des centres de traitement de trois pays de la Caraïbe, la Jamaïque, Trinidad et Tobago, et la Barbade. Cette Réunion visait également à renforcer les capacités des Réseaux d'informations de Drogues (RID) de la Caraïbe par un partage d'expérience des pays présents. Les thématiques abordés lors de cette rencontre portent sur le projet de collecte de données dans les centres de traitement, l'analyse comparative des drogues et des crimes, les récentes activités des Réseaux d'informations de Drogues et le développement d'un réseau régional d'information sur les drogues.
 
 
Projet de collecte de données dans les centres de traitement
La CICAD, dans sa mission d'aider les pays membres de l'OEA à développer des pratiques de collecte de données pour l'élaboration de politique basé sur les faits, a conçu un projet de collecte de données dans les centres de traitement aux toxicomanes. Ce projet répond au manque d'informations sur la dépendance à l'alcool ou d'autres drogues recensée dans les pays de la Caraïbe. Aussi, afin de remédier à cet état de fait, trois pays ont bénéficié de ce projet pilote, afin d'élargir le cadre dans tous les pays caribéens ayant des structures qui offrent le traitement aux toxicomanes.
 
Les principaux résultats de cette investigation pilote a montré que sur 510 personnes fréquentant les centres de traitement, 469 sont des hommes. L'âge moyen de ces personnes atteint 37.2 ans. Plus de 60% de ces clients sont célibataires. Enfin les principales substances pour lesquelles les patients fréquentent les centres de traitements sont respectivement, la marijuana, la cocaïne l'alcool.
 
Au final, ces informations ont permis d'identifier le profil des toxicomanes, d'estimer indirectement le problème de l'abus de drogue, de mieux orienter les politiques publiques de traitement et prévention, d'évaluer la situation en matière de traitement et d'établir un système d'alerte.
Analyse comparative des drogues et des crimes
Au cours de l'atelier, une autre thématique portant sur l'analyse comparative des drogues et des crimes a été traitée. Sur ce sujet, il a été remarqué qu'à la Barbade, la majorité de ceux qui fréquentaient les centres de traitement, le faisaient sous l'ordre de la Justice. De plus, les données ont montré que 56.5% des patients ont déjà été arrêtés une fois dans leur vie. Parmi ceux-là, 19.4% ont été arrêtés l'année dernière. Ce résultat montre l'étroite corrélation entre les drogues et les crimes.
Récentes activités des réseaux d'informations de drogues
Différents pays, soient Haïti, Sainte Lucie, Jamaïque, Grenade, la Dominique, la Barbade, ont fait état des récents activités de leur réseaux d'informations de drogues.
Développement d'un réseau régional de drogue et problème rencontré
En fin d'atelier, les présentations ont abordés l'établissement et la mise en œuvre d'un réseau d'information de drogues, régionales, CARIDIN, déjà envisagé il y a deux ans. En effet, ce réseau permettrait à discuter des problèmes de drogues sur le plan régional et faciliter des actions de coopérations régionales. Toutefois, en plus des défis financiers, des besoins de formations en collecte, analyse et traitement des données s'avèrent nécessaire.